Priye pou mwen manman


Lasosyete kapab maltrete m'
Anpil bagay kapab boulvèse mwen
Le mond antye kapab rejete m'
Men ou menm ou ap ranmase mwen

Tout sa ki nan kè m', mwen pa ka bliye
Ou gen pouvwa pou rive konsole m'
Mwen an kòlè, raj ak vanjans posede
Mwen, konsèy ou, kontinye pale m',

Si lavi ta pyetine m' ta toupizi m'
Malgre layèn se sèl kado ofans ofri m'
Men devan lanmou w' mwen tou piti
Menm si m' ta otè mèt minwi

Kontra mwen ta siyen, sa mwen ta paktize
Tout dèt mwen obtine reklame
Nan dòmi move rèv fè mwen swe
Men ou menm mwen toujou espere

Priye pou mwen manman
Bondye ap tande priyè ou
Priye pou mwen manman
Lanmou ou se yon lanmou ki sakre
Priye pou mwen manman
Paske pye mwen vle chape

Tout pawòl sa yo ki rive blese m'
Pa gen jou pou mwen pap panse
Move jès yo, tout sa ki makile m'
Ou konnen byen mwen pa konn reziye

Premye dezyèm gè m 'ape livre
M' pap abandone fòk mwen kontinye
Ipokrit ak mechan soti pou kòche
Jis m' rive, ak denmon, mwen konfye

Si ak sak ta dwe ye mwen akroche
Se paske, lenpòtan, mwen manke kichòy
Mèsi pou tout sa ou sakrifye
Padone m' manman, men mwen jete loreyòl

Priye pou mwen manman
Menm nan vye jou ou yo
Priye pou mwen manman
Menm lè ou wè gri
Priye pou mwen manman
Lanmou w' pap janm chanje

Pa gen jou ki pase pou w' pa manke m'
Peter Pan se sinonim lespri mwen
Menm Kipling an si m'eseye aplike,
Kriye ak rele fèt andedan mwen

Mwen refize di se istwa ki pase
Mwen bezwen bra w' pou m' kriye,
M' madichonnen lavi poutèt li separe n'
Manman m' pa konn sou ki pye pou m' danse

Kè mwen endesi, se pa janm gras matine
Men pito m' konn swete pa janm reveye
Chak jou nayivte mwen abize
Koulye a anyen pa kap fè m' etone

Priye pou mwen manman
Ane pa ka tiye lanmou nou
Priye pou mwen manman
Rebelyon oblije san mwen
Priye pou mwen manman
Lanmou w' m'ap toujou gen bzwen

Pafwa mwen plenyen ak lamante
Mwen konnen m' pa marye ak soufrans
Mwen pap kanpe deviz mwen se lite
Non dekouraje koz lavi pa bay chans

Priye pou mwen manman
Paske nepe mwen file
Priye pou mwen manman
Pou m' ka byen depoze pye m'
Priye pou mwen manman
M'obstine pou m' rive
Priye pou mwen manman
Mwen vo plis ke sa yo vle m' ye
Priye pou mwen manman
Volonte m' afime l'
Priye pou mwen manman
Detèminasyon m' konfime l'
Priye pou mwen manman
Reyisit mwen ap prouve l'

Marconi Arthur D. (Mister MAD)


C'est un poème dans lequel je m'exprime pour dire combien j'aime ma maman et combien elle me manque et combien elle m'a toujours manqué. <br />
Je l'ai écrit en créole la traduction française arrive bientôt.


Ecrit par Mistermad
Tous droits réservés ©
Lespoetes.net