Accueil
Poésie libre / Priye pou mwen manman
              
Poésie libre / Priye pou mwen manman
         
Poésie libre / Priye pou mwen manman

Signaler un contenu inaproprié.

Priye pou mwen manman
par Mistermad


Lasosyete kapab maltrete m' Anpil bagay kapab boulvèse mwen Le mond antye kapab rejete m' Men ou menm ou ap ranmase mwen Tout sa ki nan kè m', mwen pa ka bliye Ou gen pouvwa pou rive konsole m' Mwen an kòlè, raj ak vanjans posede Mwen, konsèy ou, kontinye pale m', Si lavi ta pyetine m' ta toupizi m' Malgre layèn se sèl kado ofans ofri m' Men devan lanmou w' mwen tou piti Menm si m' ta otè mèt minwi Kontra mwen ta siyen, sa mwen ta paktize Tout dèt mwen obtine reklame Nan dòmi move rèv fè mwen swe Men ou menm mwen toujou espere Priye pou mwen manman Bondye ap tande priyè ou Priye pou mwen manman Lanmou ou se yon lanmou ki sakre Priye pou mwen manman Paske pye mwen vle chape Tout pawòl sa yo ki rive blese m' Pa gen jou pou mwen pap panse Move jès yo, tout sa ki makile m' Ou konnen byen mwen pa konn reziye Premye dezyèm gè m 'ape livre M' pap abandone fòk mwen kontinye Ipokrit ak mechan soti pou kòche Jis m' rive, ak denmon, mwen konfye Si ak sak ta dwe ye mwen akroche Se paske, lenpòtan, mwen manke kichòy Mèsi pou tout sa ou sakrifye Padone m' manman, men mwen jete loreyòl Priye pou mwen manman Menm nan vye jou ou yo Priye pou mwen manman Menm lè ou wè gri Priye pou mwen manman Lanmou w' pap janm chanje Pa gen jou ki pase pou w' pa manke m' Peter Pan se sinonim lespri mwen Menm Kipling an si m'eseye aplike, Kriye ak rele fèt andedan mwen Mwen refize di se istwa ki pase Mwen bezwen bra w' pou m' kriye, M' madichonnen lavi poutèt li separe n' Manman m' pa konn sou ki pye pou m' danse Kè mwen endesi, se pa janm gras matine Men pito m' konn swete pa janm reveye Chak jou nayivte mwen abize Koulye a anyen pa kap fè m' etone Priye pou mwen manman Ane pa ka tiye lanmou nou Priye pou mwen manman Rebelyon oblije san mwen Priye pou mwen manman Lanmou w' m'ap toujou gen bzwen Pafwa mwen plenyen ak lamante Mwen konnen m' pa marye ak soufrans Mwen pap kanpe deviz mwen se lite Non dekouraje koz lavi pa bay chans Priye pou mwen manman Paske nepe mwen file Priye pou mwen manman Pou m' ka byen depoze pye m' Priye pou mwen manman M'obstine pou m' rive Priye pou mwen manman Mwen vo plis ke sa yo vle m' ye Priye pou mwen manman Volonte m' afime l' Priye pou mwen manman Detèminasyon m' konfime l' Priye pou mwen manman Reyisit mwen ap prouve l' Marconi Arthur D. (Mister MAD)

C'est un poème dans lequel je m'exprime pour dire combien j'aime ma maman et combien elle me manque et combien elle m'a toujours manqué. <br />
Je l'ai écrit en créole la traduction française arrive bientôt.


Poème posté le 29/05/16


 Poète
Mistermad



Sa carte de visite Cliquez ici pour accéder à la carte de visite de l'artiste (Sa présentation et l'ensemble des ses créations)





.